Notè Piblik Kreyòl nan Kissimmee, FL
Ou bezwen yon notè mobil ki pale Kreyòl nan Kissimmee oswa nan zòn ki toupre yo? SoKreyol, LLC ofri sèvis notè mobil pou moun ki pi alèz kominike an Kreyòl. Nou ka rankontre’w lakay ou, nan biwo, lopital, oswa lòt kote ki apwouve selon disponibilite.
Sèvis mobil • Kreyòl / English • Menm jou selon disponibilite • Aswè ak wikenn selon orè
Looking for general mobile notary service in English?
View our Mobile Notary Kissimmee page
Ki Fason ki Pi Fasil pou Jwenn Nou
Pi bon fason pou jwenn yon repons rapid se voye yon mesaj tèks. Lè w ap kontakte nou, voye kèk enfòmasyon senp pou nou ka tcheke disponibilite epi konfime si nou ka pran randevou a.
Vil la oswa ZIP code kote randevou a ap fèt la
Ki kalite dokiman ou bezwen notarye
Konbyen moun kap siyen
Kilè ou bezwen randevou a
Si se lakay, lopital, biwo, oswa yon lòt kote
Nap konfime disponibilite ak detay randevou a anvan nou deplase.
Sèvis Notè Mobil an Kreyòl
Nou ede kliyan ki bezwen sèvis notè mobil epi ki prefere pale Kreyòl pandan kominikasyon an. Sèvis la disponib pou anpil kalite dokiman jeneral, selon sa lalwa pèmèt ak selon si randevou a apwopriye pou sèvis mobil.
Sèvis notè mobil jeneral
Randevou lakay
Randevou lopital oswa sant swen
Randevou nan biwo
Randevou menm jou selon disponibilite
Randevou aswè oswa wikenn selon orè
Nòt Enpòtan:
Nou se notè, men nou pa avoka epi nou pa bay konsèy legal.
Sa Ou Dwe Genyen Pou Randevou a
Pou randevou a fèt san pwoblèm, tanpri prepare tout sa ki nesesè avan notè a rive:
Yon pyès idantite valab ak foto
Tout moun ki dwe siyen yo dwe prezan
Dokiman yo dwe pare
Pa siyen davans si siyati a dwe fèt devan notè a
Si kote randevou ap fèt la chanje, fè nou konnen davans
Pri Sèvis la
Pri sèvis notè mobil la depann de lè randevou a, distans la, ak kantite notarizasyon yo.
Lè nòmal (7:00 AM–7:00 PM): kòmanse a $65
Pri sa a gen ladan distans notè ap kondwi pou vin kote ou a ye, 1 notarizasyon, ak jiska 45 minit sou plas.
Aswè, wikenn, oswa jou ferye: kòmanse a $100
Pri sa a gen ladan sèvis estanda a plis chaj pou lè espesyal la.
Lòt Sa Ou Dwe Konnen:
Chak lòt notarizasyon se $10
Si distans la depase zòn baz la, nap konfime frè deplasman la anvan nou deplase
Disponiblite menm jou, aswè, ak wikenn depann de orè
Zòn Nou Sèvi
Nou bay sèvis notè mobil an Kreyòl nan Kissimmee ak lòt zòn ki toupre nan Central Florida.
Kissimmee
St. Cloud
Orlando
Hunters Creek
Si’w bezwen sèvis nan yon zòn ki pa sou lis la, kontakte nou pou nou verifye disponibilite ak frè deplasman.
Randevou Lopital oswa Sant Swen
Nou ka pran kèk randevou mobil nan lopital, sant swen, nursing home, oswa lòt etablisman menm jan an selon disponibilite ak kondisyon randevou a.
Anvan nou konfime yon randevou konsa, li enpòtan pou moun kap siyen an:
kapab kominike klèman
konprann sa lap siyen an
dakò siyen san fòse oswa presyon
genyen pyès idantite valab si sa nesesè
FAQ
Wi, si moun nan ka pale, konprann sa kap fèt la, dakò siyen, epi li gen kat idantite valab.
City/ZIP • kalite dokiman an • konbyen moun kap siyen • kilè ou bezwen’l.
Wi, selon disponibilite.
Lè nòmal (7am–7pm) se $65. Aprè 7pm/wikenn/jou ferye se $100. Pri a gen ladan vwayaj (distans 10 mil), 1 notarizasyon ($10 frè notè FL), ak jiska 45 min sou plas. Lòt notarizasyon yo se $10 chak.
Tanpri pa siyen dokiman an davans. Tout moun kap siyen yo dwe prezan ak kat idantite ki valab (pa ekspire). Dokiman an dwe prè pou siyen.
Wi. Si distans lan plis pase distans 10 mil, frè vwayaj la ap konfime anvan nou deplase. Voye City/ZIP ak adrès la pou nou ka konfime.
Ou Pare Pou Tcheke Disponibilite?
Si ou bezwen yon notè mobil ki pale Kreyòl nan Kissimmee oswa nan zòn ki toupre yo, kontakte SoKreyol, LLC pou tcheke disponibilite.
Menm jou, aswè, ak wikenn disponib selon orè.
Pou repons ki pi rapid, voye vil ou, kalite dokiman an, ak lè ou bezwen sèvis la.
